JENEZ 1
Istwa kreyasyon an
"1 *Nan konmansman, Bondye kreye
■*■ syel la ak late a. 2 Men late pat gen
fom, li pat gen anyen sou li. Fenwa
te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap
plannen sou dlo ki te kouvri tout late.
3 Bondye di: Se pou limye fet.
Epi limye te fet. 4 Bondye we limye a
te bon. Bondye mete limye a yon bo, li
mete fenwa a yon lot bo. 5 Bondye rele
limye a lajounen, li rele fenwa a lannwit.
Yon lannwit pase, yon maten rive: se te
premye jou a.
6 Bondye di anko: Se pou gen yon
vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an
de.
7 Bondye fe vout la separe dlo a an
de, yon pati anwo vout la, yon lot pati
anba 1. Se konsa sa te pase. 8 Bondye
rele vout la syel. Yon lannwit pase, yon
maten rive: se te dezyem jou a.
9 Bondye di anko: Se pou dlo ki anba
syel la sanble yon sel kote pou kote ki sek
lakaparet.
Se konsa sa te pase. 10 Bondye rele
kote ki sek la te. Li rele pil dlo a lanme.
Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon.
11 Bondye di: Se pou te a pouse tout
kalite plant: zeb, plant ki bay grenn,
pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo.
Se konsa sa te pase. 12 Te a pouse tout
kalite plant: zeb, plant ki bay grenn,
pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo.
Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon.
13 Yon lannwit pase, yon maten rive: se
te twazyem jou a.
14 Bondye di anko: Se pou limye paret
nan syel la pou separe lajounen ak
lannwit. Y'a sevi pou make jou yo, lanne
yo ak sezon yo. 15 Y'a sevi limye nan syel
la pou klere tout late a.
Se konsa sa te pase. 16 Bondye fe de
gwo limye, pi gwo a pou komande sou
lajounen, pi piti a pou komande sou
lannwit. Li fe zetwal yo tou. 17 Li mete
yo nan syel la pou klere late a, 18 pou ko-
mande sou lajounen ak sou lannwit, pou
separe limye ak fenwa. Bondye gade sa 1
te fe a, li we 1 bon. 19 Yon lannwit pase,
yon maten rive: se te katriyem jou a.
20 Bondye di anko: Se pou dlo yo kale
anpil anpil bet vivan. Se pou zwazo vole
nan syel la anwo te a.
Se konsa sa te pase. a 21 Bondye kreye
gwo bet lanme yo, tout kalite bet vivan
k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite
zwazo.
Bondye gade sa 1 te fe a, li we 1 bon.
22 Bondye beni yo, li di: Fe pitit, fe anpil
anpil pitit, plen dlo lanme a. Se pou
zwazo yo fe anpil anpil pitit tou sou te a.
23 Yon lannwit pase, yon maten rive: se
te senkyem jou a.
24 Bondye di anko: Se pou te a kale
tout kalite bet vivan, bet yo gade, bet ki
trennen sou vant, bet nan bwa.
Se konsa sa te pase. 25 Bondye fe tout
kalite bet, bet nan bwa, bet yo gade, bet
ki trennen sou vant. Li gade sa 1 te fe a,
li we 1 bon.
26 Bondye di anko: Ann fe moun.
N'ap fe 1 potre ak nou, pou li sanble ak
nou. L'a gen pouvwa sou pwason ki nan
lanme yo, sou zwazo ki nan syel la, sou
tout bet yo gade, sou tout late, sou tout
bet nan bwa, sou tout bet ki trennen sou
vant sou te a.
27 Bondye kreye moun:
li fe 1 potre ak li.
Li kreye yo gason ak fi.
28 Li ba yo benediksyon, li di:
Fe pitit, fe anpil anpil pitit
mete sou te a. Donte te a.
Mwen ban nou pouvwa sou pwason
ki nan lanme,
sou zwazo ki nan syel la,
ak sou tout bet vivan k'ap mache
sou te a.
JENEZ 1,2
29Bondye di: Gade. Mwen ban nou
tout kalite plant ki bay grenn ak tout
kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou
nou manje. 30 Men, tout bet ki sou te a,
tout zwazo ki nan syel la, tout bet ki
trennen sou vant, wi tout bet vivan,
m'ap ba yo zeb vet pou yo manje.
Se konsa sa te pase. 31 Bondye gade
sa 1 te fe a, li we 1 bon net. Yon lannwit
pase, yon maten rive: se te sizyem jou a.
O 1 Konsa, Bondye te fin fe syel la,
"* late a ansanm ak tou sa ki ladan yo.
2 Sou sis jou, Bondye te fin fe tou sa 1
t'ap fe a. Setyem jou a, li sispann travay.
3 Li beni setyem jou a, li mete 1 apa
pou li, paske se jou sa a li te sispann
travay apre li te fin kreye tou sa 1 t'ap
kreye a. 4 Se konsa sa te pase le Bondye
t'ap kreye syel la ak late a.
Le Senye a, Bondye a, t'ap fe late
ansanm ak tou sa ki nan syel la, 5 pat gen
yon ti pyebwa sou te a. Okenn zeb pat
anko pouse nan jaden, paske Bondye pat
voye lapli tonbe sou te a. Lefini, pat gen
moun pou travay late. 6 Men, yon vape
dlo leve soti nan te a, li wouze tout te a.
7Le sa a, Senye a, Bondye a, pran
pousye te, li fe yon nonm. b Li soufle nan
twou nen nonm Ian pou 1 ba li lavi. Epi
nonm Ian vin vivan.
Jaden Edenn Ian
8 Senye a, Bondye a, plante yon jaden
yon kote yo rele Edenn, bo kote soley
leve a. Se la li mete nonm li te fe a.
9 Senye a, Bondye a, te fe tout kalite
pyebwa leve nan jaden an, bel pyebwa ki
donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan
jaden an te gen de gwo pyebwa: yonn se te
pyebwa ki bay lavi a, lot la se te pyebwa
ki fe moun konnen sa ki byen ak sa ki
mal la. 10 Yon gwo larivye soti nan peyi
Edenn, li wouze jaden an. Larivye a te fe
kat branch. n Premye branch Ian te rele
Pichon. Se larivye sa a ki wouze tout peyi
Avila a, peyi kote yo jwenn anpil 16 a.
12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon 16 an-
sanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pye
wouj ki koute die yo rele oniks. 13 Dezyem
larivye a rele Giyon. Se li ki wouze tout
peyi Kouch la. 14 Twazyem larivye a rele
Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bo
soley leve a. Katriyem larivye a se Lefrat.
15 Senye a, Bondye a, pran nonm Ian,
li mete 1 nan jaden Edenn Ian pou 1
travay li, pou 1 pran swen 1. 16 Senye a,
Bondye a, bay nonm Ian 16d sa a:
— Ou met manje donn tout pyebwa
ki nan jaden an. 17 Men, piga ou manje
donn pyebwa ki fe moun konnen sa ki
byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou
manje 1, w'ap mouri.
18 Senye a, Bondye a, di anko:
— Sa pa bon pou nonm Ian rete pou
kont li. M'ap fe yon lot moun sanble
ave 1 pou ede 1.
19 Se konsa, Senye a, Bondye a, pran
pousye te, li fe tout kalite zannimo ki
nan savann ak tout kalite zwazo k'ap
vole nan syel la. Le 1 fini, li mennen yo
bay nonm Ian pou we ki non li ta pral
ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou
yo net. 20 Se konsa, nonm Ian bay tout
bet yo gade, tout bet nan bwa ak tout
zwazo ki nan syel la non yo. Men, pat
gen yonn ki te sanble ave 1, ki ta ka
ede 1. 21 Le sa a, Senye a, Bondye a,
fe domi pran nonm Ian. Mesye domi
net ale. Pandan Tap domi an, Bondye
louvri bo kot li, li wete yon zo kot. Apre
sa, li femen twou a byen femen. 22 Avek zo
kot li te wete nan nonm Ian, li fe yon fanm,
li mennen 1 ba li. 23 Le nonm Ian we 1, li di:
— Aa! Fwa sa a,
men yonn ki menm jan ave m!
Zo 1 se zo mwen.
Che 1 se che mwen.
Y'a rele 1 fanm, c
paske se nan gason li soti.
JENEZ 2,3
24 Se poutet sa, gason an va kite papa 1
ak manman 1 pou 1 mete tet li ansann ak
madanm li, pou tou de fe yon sel.
25Nonm Ian ak madanm li te toutou-
ni. Men, yo pat wont rete konsa.
Peche dezobeyisans
9 * Sepan se bet ki te pi rize nan tout
** bet raje Senye a, Bondye a, te kreye.
Li di fanm Ian konsa:
— Eske Bondye te janm di piga nou
manje donn tout pyebwa ki nan jaden
an?
2 Fanm Ian reponn sepan an:
— Nou gendwa manje donn tout pye-
bwa ki nan jaden an. 3 Men, kanta pou
pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye
di: Piga nou manje ladan 1, piga nou
manyen 1 menm. Sinon, n'ap mouri.
4 Le sa a, sepan an di fanm Ian:
— Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
5 Bondye di nou sa paske li konnen jou
nou manje ladan 1, je nou va louvri. N'a
vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen
ak sa ki mal.
6 Fanm Ian gade, li we jan pyebwa a
te bel, jan fwi yo sanble yo ta bon nan
bouch. Li santi li ta manje ladan 1 pou
je 1 ka louvri. Li keyi kek fwi. Li manje,
li pote bay mari 1 ki manje tou.
7 Manje yo fin manje, je yo louvri: le
sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran
kek fey figfrans, yo koud yo ansanm, yo
fe tanga mete sou yo.
8 Jou sa a, soley te fenk fin kouche
le nonm Ian ak madanm li tande vwa
Senye a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen
nan jaden an. Y'al kache nan mitan
pyebwa ki nan jaden an pou Senye a,
Bondye a, pa we yo. 9 Men, Senye a, Bon-
dye a, rele nonm Ian, li di 1:
— Kote ou ye?
10 Nonm Ian reponn li:
— Mwen tande vwa ou nan jaden an,
mwen pe. M'al kache pou ou, paske
mwen toutouni.
11 Senye a, Bondye a, di 1:
— Ki moun ki di ou te toutouni? Eske
ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa
manje a?
12 Nonm Ian reponn:
— Fanm ou te ban mwen an, se li
menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m
manje, epi mwen manje 1.
13 Senye a, Bondye a, mande famn
Ian:
— Poukisa ou fe sa?
Fanm Ian reponn li:
— Se pa mwen non! Se sepan an wi ki
pran tet mwen ki fe m manje 1.
Pinisyon moun
14 Senye a, Bondye a, di sepan an
konsa:
— Poutet sa ou fe a, ou madichonnen
nan mitan tout bet jaden ak tout bet
nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a
manje pousye te jouk jou ou mouri.
15 Ou menm ak fanm Ian, m'ap fe nou
lenmi yonn ak lot. Pitit pitit pa 1 ak pitit
pitit pa ou ap lenmi tou. Pitit pitit li ap
kraze tet ou, epi ou menm w'ap mode 1
nan talon pye 1.
16 Li di fanm Ian:
— Le w'ap fe pitit, m'ap fe soufrans
ou vin pi red. W'a gen pou soufri anpil
le w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari
ou. Men, se mari ou ki va chef ou.
17 Apre sa li di Adan:
— Ou koute pawol madanm ou, pa
vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba
ou lod pa manje a. Poutet sa ou fe a,
m'ap madichonnen te a. W'a gen pou
travay di toutan pou fe te a bay sa ou
bezwen pou viv. 18 Te a va kale tout
kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a
manje fey ki pouse nan raje. 19 Se swe
kouray ou ki pou fe ou mete yon moso
pen nan bouch ou jouk le w'a tounen
nan te kote ou soti a. Paske, se pousye
ou ye, ou gen pou tounen pousye anko.
JENEZ 3,4
20Adan bay madanm li non, li rele 1
Ev, d paske se li menm ki manman tout
moun k'ap viv sou te a.
21 Le sa a, Senye a, Bondye a, pran
po bet, li fe rad pou Adan ansanm ak
madanm li, li biye yo.
Bondye chase Adan ak Ev
22 Apre sa, Senye a, Bondye a, di:
— Kounyeya, Adan vin konnen sa ki
byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou.
Nou p'ap kite 1 lonje men 1 keyi fwi
pyebwa ki bay lavi a pou 1 manje 1, pou 1
pa viv pou tout tan.
23 Se konsa, Senye a, Bondye a, mete
Adan deyo nan jaden Edenn Ian. Li
voye 1 al travay te, menm te Bondye te
pran pou fe 1 la.
24 Se konsa, li te mete Adan deyo. Sou
bo kote soley leve nan jaden an, li mete
kek zanj cheriben ak yon manchet klere
kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen
nan tout direksyon pou anpeche moun
pwoche bo pyebwa ki bay lavi a.
© Societe Biblique Haitienne
Edition Corrigee, 1998
Societe Biblique Haitienne
Angle des Rues du Centre
et des Miracles
Port-au-Prince, Haiti
Haitian Bible
HT052 Haitian Bible Paperback SBH-1998-25M
HT053 Haitian Bible Hardcover SBH-1998-15M